K: Kiyès nou ye epi kisa nou fè?
R: Nou se Change Healthcare epi nou travay avèk lopital yo pou ede pasyan yo jwenn yon fason pou peye fakti lopital. Nou kapab ede ou jwenn avantaj gouvènman an, tankou Medicaid oswa lòt pwogram ki nan eta a oswa ki lokal, ki kapab ede ou peye fakti lopital la. Nou ap ede ou regle tout pwoblèm papye ou yo san ou pa bay yon goud.
P: Kisa k ap rive si mwen pa kalifye pou Medicaid?
R: Si ou pa kalifye pou resevwa èd finansyè nan men Medicaid, nou ap travay avèk ou pou nou jwenn kèk lòt opsyon tankou pwogram ki nan eta a oswa ki lokal, andikap, Asirans atravè Lwa pou Swen Ki Abòdab, pwogram charite nan lopital, oswa lòt pwogram peman.
K: Poukisa nou ap mande m enfòmasyon pèsonèl ak finansyè?
R: Nou konprann – nou te mande w enfòmasyon ki yon ti jan sansib. Men nou bezwen yo pou nou jwenn èd finansyè a pou ou. Lè ou ba nou enfòmasyon sa yo, nou kapab ranpli yon aplikasyon pou ou epi ede w gen plis chans pou yo apwouve w.
K: Poukisa gen tout fòm sa yo?
R: Nou konnen. Gen anpil fòm - men nou vle asire nou ou ranpli chak fòm eta ou an bezwen pou yo kapab apwouve demann ou an. Nou pwomèt ou avantaj ou ka resevwa yo vo sa!