Senaryo Videyo:
Bonjou, mwen rele Kristen epi mwen la pou pale w tou piti sou fason Change Healthcare asosye avèk kèk lopital pou ede pasyan avèk fakti medikal. Premyèman, yo enfòme yon reprezantan swen sante si gen yon pasyan nan lopital la ki pa gen asirans maladi. Apresa, reprezantan an ap kontakte pasyan an pou wè si li kalifye pou li jwenn asistans li bezwen an. Jeneralman, reprezantan nou yo ale vizite chak pasyan nan lopital la, men pou kenbe tout moun an sekirite nan moman sa a li ka kontakte w nan telefòn oswa pa imèl. Si ou bezwen asistans sa a, epi ou poko resevwa apèl nou, tanpri kontakte nou tousuit. Epi toujou sonje nou la pou ou epi nou kanpe bò kote w!