Paj prensipal / Politik Konfidansyalite

Politik Konfidansyalite

Politik Konfidansyalite sa a (“Politik” la) dekri fason Change Healthcare ak asosye li yo (“Change Healthcare” oswa “nou,” “nou menm” oswa “pa nou an”) trete Enfòmasyon Pèsonèl nou rasanble nan men w oswa ki konsène w lè ou itilize sit entènèt: assistance.changehealthcare.com ak fincare.changehealthcare.com(yon fason ki kolektif, “Sit” la). Politik sa a fè pati Akò sou Kondisyon Itilizasyon (“Kondisyon Itilizasyon”) aplikab pou Sit lan ak nenpòt tèm ki an majiskil ki ladan l men ki pa gen definisyon, epi ki gen sans yo ba yo nan Kondisyon Itilizasyon. Lè w vizite oswa itilize Sit lan, ou dakò ak pratik ki dekri nan Politik sa a. Si ou pa dakò avèk politik sa a, oswa ou pa pare pou respekte nenpòt pati nan Politik sa a, pa rantre oswa pa itilize Sit la.

A. Enfòmasyon Medikal ak sou Sante w

Nou ofri Sit la nan non pwofesyonèl swen sante ou an (“Pwofesyonèl Swen Sante”) selon akò ki gen ant nou ak Pwofesyonèl Swen Sante ou an. Enfòmasyon Pèsonèl (ki defini anba a) nou rasanble nan men w atravè Sit la nan non Pwofesyonèl Swen Sante ou an (ansanm ak Enfòmasyon Pèsonèl nou rasanble dirèkteman nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an) ka gen enfòmasyon sou sante ki pwoteje, jan li defini nan Lwa 1996 sou Pòtabilite ak Responsablite nan Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability) ak règleman aplikasyon yo (“HIPAA”). Enfòmasyon sou sante ki pwoteje nou rasanble nan men w atravè Sit la (ansanm ak Enfòmasyon Pèsonèl nou rasanble dirèkteman nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an), ka gen avi pou pratik konfidansyalite ki soti nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an tou, ki gen detay ki dekri fason Pwofesyonèl Swente ou an itilize ak divilge enfòmasyon sou sante ki pwoteje. Lè nou aji nan non Pwofesyonèl Swen Sante ou an, nou te dakò enfòmasyon sou sante ki pwoteje nou rasanble, itilize, ak divilge atravè Sit la ak dirèkteman nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an ap fèt selon avi pou pratik konfidansyalite Pwofesyonèl Swen Sante ou an. Anplis, dwa endividyèl ou genyen pou w gen aksè, korije epi/oswa modifye enfòmasyon sou sante ki pwoteje ou yo ki dekri nan avi pou pratik konfidansyalite Pwofesyonèl Swen Sante ou an ka aplike pou enfòmasyon ki pwoteje nou rasanble nan men w atravè Sit la nan non Pwofesyonèl Swen Sante ou an (ansanm ak Enfòmasyon Pèsonèl nou rasanble dirèkteman nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an). Poutèt sa, lè ou li Politik sa a ak avi pou pratik konfidansyalite Pwofesyonèl Swen Sante ou an (se pwofesyonèl swen sante ou an ki ap ba ou l) li ap ede w konprann kòman nou itilize epi/oswa divilge nenpòt enfòmasyon sou sante ki pwoteje nou rasanble atravè Sit la oswa dirèkteman nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an. Nan sitiyasyon kote ta gen nenpòt kontradiksyon ant Politik sa a ak avi pou pratik konfidansyalite Pwofesyonèl Swen Sante ou an, avi pou pratik konfidansyalite dwe pase. Change Healthcare pa responsab pou pratik enfòmasyon ou menm oswa nenpòt twazyèm pati ou te bay aksè ak enfòmasyon ou fè.

B. Enfòmasyon nou Rasanble yo

L è ou itilize Sit la, nou ka rasanble enfòmasyon ki gen rapò avèk ou (“Enfòmasyon Pèsonèl”). Nou rasanble Enfòmasyon Pèsonèl yo divès fason. Pa egzanp, lè ou ranpli fòm sou entènèt lan nou rasanble enfòmasyon demografik ki konsène w, li gen ladan l non w, adrès imèl, eta kote ou rete a, ak lopital.

OU KONPRANN ENFÒMASYON PÈSONÈL OU YO SE POU OU EPI YO SE PWOPRIYETE W. SI OU PA SWETE PATAJE ENFÒMASYON PÈSONÈL OU AVÈK NOU, TANPRI PA ITILIZE SIT LA.

Anplis enfòmasyon nou resevwa nan men Pwofesyonèl Swen Sante ou an, Change Healthcare ap resevwa epi anrejistre enfòmasyon sou fason ou itilize Sit la. Pa egzanp, Change Healthcare ap resevwa enfòmasyon sou fason ou itilize sèvis Sit la. Nou konsève enfòmasyon sa yo pou nou kapab kontwole sekirite an epi pou nou kapab amelyore eksperyans ou ap fè sou Sit lan tou.

Epitou, Change Healthcare ap rasanble ak itilize kèk done teknik ak enfòmasyon itilizasyon, li gen ladan l men li pa limite ak enfòmasyon teknik ki konsène aparèy ou an, sistèm operasyon aparèy ou an, adrès Pwotokòl Entènèt, enfòmasyon jewografik jeneral ak nan anviwon an.

C. Fason Nou Itilize Enfòmasyon nou Rasanble
  1. Pou Ba Ou Sit, Sèvis ak Enfòmasyon Si ou itilize Sit la, nou ka itilize enfòmasyon w pou:
    1. ba ou sèvis ak enfòmasyon;
    2. voye kominikasyon pou ou;
    3. detekte, prevwa, ak reponn ak fwod, vyolasyon pwopriyete entèlektyèl, vyolasyon Kondisyon Itilizasyon, vyolasyon dwa, oswa lòt move itilizasyon ki fèt sou Sit la.

  2. Itilize Enfòmasyon Ki Anonim ak Global Nou ka pa idantifye Enfòmasyon Pèsonèl ou yo pou nou kapab retire enfòmasyon yo itilize jeneralman pou kreye “Enfòmasyon Anonim.” Enfòmasyon anonim yo se pa enfòmasyon sou sante ki pwoteje epi se pa enfòmasyon ki gen obligasyon respekte politik sa a ankò paske yo pa pèmèt idantifye yon fason ki rezonab oswa yo pa pèmèt idantifye okenn moun, sa vle di ou pa ka atribiye oswa yo pa koresponn ak yon sèl moun. Apresa, nou ka regwoupe Enfòmasyon Anonim ou yo avèk Enfòmasyon Anonim lòt itilizatè pou kreye “Enfòmasyon Global.” Nou ka itilize Enfòmasyon Global yo pou nenpòt objektif legal. Pa egzanp, nou ka amelyore Sit la, kreye analiz sou sante popilasyon an, oswa konbine l avèk lòt done ki pa idantifye pou objektif komèsyal.

  3. Lòt Itilizasyon. Nan limit lwa ki aplikab la pèmèt li, nou ka itilize enfòmasyon yo (li gen ladan l Enfòmasyon Anonim oswa Enfòmasyon Global) pou reyalize lòt fonksyon administratif ki gen rapò ak Sit lan.

D. Pataje Enfòmasyon Ou Yo
  1. Apa pwen ki dekri nan Politik sa a, nou pa ni vann ni bay enfòmasyon politik sa a ap kontwole bay twazyèm pati ki pa afilye san nou pa jwenn otorizasyon w anvan. Nou ka pataje enfòmasyon nou rasanble yo:
    1. nan limit ak lè Pwofesyonèl Swen Sante ou an otorize l nan objektif pou fè tretman, peman, operasyon swen sante ak lòt objektif ki otorize selon lwa ki aplikab la;
    2. bay pwofesyonèl pou sèvis ki travay nan non nou epi ki dakò pou respekte règ ki dekri nan Politik sa a; oswa
    3. oswa avèk konsantman w selon lwa ki aplikab la. Nou ka achte oswa gen yon lòt antrepriz oswa antite ki achte nou. Nan yon sitiyasyon konsa, nou ka transfere oswa asiyen enfòmasyon nou ranmase yo nan kad fizyon, akizisyon, vant, oswa lòt chanjman pou kontwòl. Nan yon tranzaksyon konsa, enfòmasyon ou yo, li gen ladan l tout Enfòmasyon Pèsonèl yo, ka ajoute nan aktif komèsyal ki transfere yo.

  2. Epitou, nan sitiyasyon ki pa gen anpil chans pou rive kote gen fayit, pa gen lajan, reyòganizasyon, sekès oswa yo asiyen avantaj yo bay yon kreditè, oswa aplikasyon lalwa oswa prensip ekitab yo afekte dwa kreditè yo jeneralman, nou ka pa kapab kontwole fason yo trete, transfere oswa itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou yo, epi Enfòmasyon Pèsonèl ou yo ka rantre nan aktif yo. Nou ka pataje Enfòmasyon Anonim ak Enfòmasyon Global avèk twazyèm pati yo.
E. Sekirite

Nou ap fè efò pou kenbe mezi pwoteksyon administratif, teknik ak fizik rezonab ki fèt pou pwoteje enfòmasyon nou rasanble atravè Sit la ak dirèkteman nan men Pwofesyonèl Swen Sante nou an. Sepandan, pa gen sistèm enfòmasyon ki kapab sèten a 100%, alò nou pa kapab garanti sekirite absoli pou enfòmasyon ou yo. Anplis, nou pa responsab pou sekirite enfòmasyon ou transmèt bay Sit la atravè rezo nou pa kontwole, li gen ladan l rezo entènèt ak rezo san fil.

F. Pa Suiv

Aktyèlman, nou pa reponn ak siyal navigatè entènèt ki di “pa suiv” oswa lòt mekanis ki ofri yon metòd pou refize kolekte enfòmasyon sou rezo ki gen sit entènèt ak sèvis anliy kote nou ap patisipe. Si nou fè alavni, nou ap dekri kòman nou fè sa nan Politik Konfidansyalite sa a. Ale sou sit entènèt sa a, www.allaboutdnt.org, pou jwenn plis enfòmasyon sou domèn devlopman sa a.

G. Itilizatè Entènasyonal

Lè w itilize Sit la, ou dakò pou nou itilize ak trete enfòmasyon ou yo nan Etazini (“U.S.”) jan li dekri nan Politik sa a. Si ou pa abite nan Etazini., nou ap transfere enfòmasyon ou yo Etazini., epi nou ap trete ak estoke yo dapre nòm konfidansyalite Etazini. Lè w itilize Sit la epi ou ba nou enfòmasyon ou yo, ou dakò pou yon transfè konsa fèt, epi pou nou trete yo nan Etazini

H. Chwa Pou Konfidansyalite
  1. Si enfòmasyon pou kontakte w yo chanje, si ou pa vle resevwa enfòmasyon oswa kominikasyon nan ki gen rapò ak Sit sa a nan men Change Healthcare, tanpri voye yon imèl sou [email protected].

  2. Change Healthcare kapab efase enfòmasyon ki sou Sit la (men li p ap kapab sou lòt sous done). Si ou ta renmen efase nenpòt nan enfòmasyon ou yo sou Sit la, tanpri voye yon imèl pou nou sou [email protected] [email protected]. Change Healthcare pa kapab chanje okenn done lòt antite konsève, menm si yo te bay Change Healthcare enfòmasyon sa yo pou li itilize sou Sit la.
I. Konfidansyalite Pou Timoun

Sit lan pa fèt pou timoun ki gen mwens pase 13 lane, ni nou pa kolekte ak pwòp volonte nou enfòmasyon dirèkteman pou yo. Si ou okouran timoun ou an oswa nenpòt lòt timoun ki sou responsablite w te ba nou enfòmasyon san konsantman w, tanpri kontakte nou nan enfòmasyon pou kontakte ki ekri nan Seksyon K ki anba a.

J. Chanjman nan Politik Sa A

Nou rezève nou dwa pou nou fè mizajou nan Politik sa a tanzantan pandan nou ap poste yon nouvo Politik nan paj sa a. Si nou fè nenpòt chanjman nan Politik sa a, nou ap chanje dat anba a ki nan Seksyon K. Nou ap konseye w pou vizite Politik sa a regilyèman pou si gen nenpòt chanjman, epi lè ou dakò pou kontinye itilize Sit la apre nou fin fè chanjman sa yo li ka vle di ou aksepte chanjman sa yo. Si nou fè nenpòt revizyon ki modifye yon jan ki sansib fason nou itilize oswa pataje enfòmasyon nou te rasanble nan men w anvan sa a atravè Sit la, nou ap ba ou opòtinite pou w bay konsantman w anvan nou aplike yo pou enfòmasyon sa yo.

K. Plis enfòmasyon

Si ou gen kesyon oswa enkyetid sou Avi Pou Konfidansyalite sa a, tanpri kontakte nou sou imèl sa a: [email protected] oswa pa Lapòs Ameriken nan: Change Healthcare, Privacy Office, 5995 Windward Parkway, 5th Floor, Alpharetta, GA 30005. Biwo Pou Konfidansyalite Antrepriz Change Healthcare te fè dènye mizajou nan Politik sa a jou ki te 30 avril 2020.