Kondisyon Itilizasyon
Change Healthcare (“Change Healthcare”, “nou”, “nou menm”, “pa nou an”) se pwopriyetè epi li eksplwate sit entènèt www.changehealthcare.com, ak tout lojisyèl ki pa anba (oswa li gen lisans lan), ak nenpòt sit nou gen kounye a oswa alavni epi ki fè referans ak Kondisyon Itilizasyon sa yo (“Kondisyon”) (kolektivman "Site" lan). Anvan ou pwofite plizyè sèvis itil nou pwopoze la, tanpri pran yon minit pou asire w ou konprann Kondisyon sa yo ki kontwole aksè ou genyen ak fason pou itilize Sit la.
Lè ou antre oswa itilize Sit la (li gen ladan l tout kontni ak fonksyonalite), ou dakò pou ou lye ak Kondisyon sa yo. Si ou pa dakò avèk okenn nan Kondisyon sa yo, tanpri pa antre oswa pa itilize Sit la. Lè ou antre ak lè ou itilize Sit nou an, ou dakò ak kondisyon ki nan Avi Konfidansyalite nou an tou, ki pibliye nan www.changehealthcare.com/privacy-notice li eksplike ki enfòmasyon nou rasanble, fason nou rasanble ak itilize enfòmasyon yo, politik nou genyen pou pwoteje ak divilge enfòmasyon, ak opsyon ou genyen konsènan enfòmasyon ou yo. Change Healthcare rezève li dwa, nan pwòp diskresyon l, pou li fè mizajou oswa chanjman sou Sit lan an ak nan Kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Lejann ki ekri “Dènye Mizajou” anwo a endike kilè dènye modifikasyon an te fèt nan Kondisyon sa yo. Tout modifikasyon yo rantre anvigè tousuit nou poste l sou Sit lan. Si ou kontinye ap itilize Sit lan apre nou fin pibliye kondisyon ki revize yo, sa vle di ou rekonèt epi ou dakò pou ou gen lyen avèk kondisyon ki revize yo. Pou rezon sa a, nou ankouraje w egzamine Kondisyon sa yo chak fwa ou itilize Sit nou an. Nou ka ranplase kèk dispozisyon ki nan Kondisyon sa yo ak avi jiridik ki deziyen yon fason espesifik oswa kondisyon ki nan paj patikilye sou Sit sa a, oswa nan lòt akò ekri oswa Kondisyon Pou Achte ak Kondisyon ou ka konkli avèk Change Healthcare.
Sit sa a se yon sit pou odyans jeneral la Change Healthcare pa gen entansyon pou timoun ki gen mwens pase 13 lane itilize oswa jwenn aksè ak yon pati sou sit sa a, nou entèdi yon itilizasyon konsa. Si ou itilize Sit sa a, ou deklare ou gen omwen 18 lan, oswa ou gen konsantman legal paran oswa moun ki responsab la, epi ou gen tout kapasite ak konpetans pou ou angaje w epi konfòme w ak kondisyon, obligasyon, afimasyon, reprezantasyon, ak garanti ki dekri nan Kondisyon sa yo, Politik Konfidansyalite nou an, ak Kondisyon Jeneral Pou Achte a. Tanpri kontakte nou sou [email protected], si ou kwè timoun ou an te ba nou enfòmasyon pèsonèl ki gen rapò ak Sit lan.
Tout dwa, tit, ak enterè ki gen rapò ak Sit la ak kontni l, karakteristik, ak fonksyonalite l, li gen ladan l, men li pa limite ak, pwodui, enfòmasyon, materyèl, tèks, grafik, foto, ilistrasyon, videyo, afichaj, imaj, odyo, mizik, bouton ikòn, konpilasyon done, dosye, lojisyèl, oswa lòt travay otè, ak konsepsyon, seleksyon, aranjman, ak konpilasyon sa yo (yon fason ki kolektif "kontni"), ak tout dwa pwopriyete entèlektyèl ki sou Sit la, se Change Healthcare, asosye nou yo, oswa patnè nou yo, oswa moun ki ba nou lisans yo ki konsève yo, epi yo gen pwoteksyon dwa dotè, mak komèsyal, patant, pwopriyete entèlektyèl, ak lòt lwa ki nan Etazini ak peyi etranje yo. Ou ka antre epi itilize Sit nou an sèlman pou objektif pèsonèl men ki pa pou biznis. Nou pa transfere okenn dwa, tit, oswa enterè ki sou Sit la, epi tout dwa nou pa ba ou yon fason espesifik rezève pou Change Healthcare. Ekspepte sa ki prevwa nan Kondisyon sa yo, ou gen entèdiksyon yon fason espesifik pou ou fè kopi, vann, transfere, bay yon lisans, lwe, refè, distribiye, modifye, deranje, dekonpile, fè enjenyeri envès, kreye travay ki sòti ladan l, afiche piblikman, reyalize l piblikman, fè maketin, telechaje, estoke, transmèt, divilge, osinon eksplwate nenpòt pati nan Sit lan oswa nenpòt Kontni ki disponib sou Sit lan oswa atravè l san ou pa jwenn konsantman Change Healthcare alavans. Ou ka itilize enfòmasyon ki sou pwodui ak sèvis nou yo ki la pou sa epi Change Healthcare mete disponib pou telechaje apati Sit lan, ak kondisyon ou (1) pa retire oswa modifye okenn avi ki gen dwa otè, mak komèsyal, oswa lòt dwa pwopriyete nan nenpòt ak nan tout kopi Kontni ki sòti sou Sit lan; (2) pa fè okenn modifikasyon nan okenn Kontni oswa pa fè kopi okenn Kontni ki sòti sou Sit nou an; (3) pa itilize okenn desen, foto, ilistrasyon, videyo, oswa sekans odyo, oswa nenpòt grafik yon fason ki separe ak tèks ki akonpanye l la; (4) pa fè okenn deklarasyon oswa garanti anplis ki konsène enfòmasyon sa yo; (5) pa antre oswa pa itilize okenn nan Sit lan, oswa nenpòt Kontni ki disponib sou Sit lan oswa atravè l, pou okenn lòt rezon ki pa itilizasyon ak konsomasyon pèsonèl. Eksepte pou dispozisyon ki dekri nan Seksyon 3 sa a, si ou antre oswa itilize, oswa ou bay nenpòt lòt moun aksè ak nenpòt pati sou Sit lan nan vyolasyon ak Kondisyon sa yo, dwa w genyen pou itilize Sit la ap kanpe tousuit epi ou dwe, selon sa nou chwazi, pote tounen oswa detrui nenpòt kopi ou te fè pou kontni an. Epitou, Change Healthcare rezève li dwa pou li kanpe otorizasyon pou itilize nenpòt sèvis ki disponib sou Sit lan oswa atravè l ak sou nenpòt kont ki asosye tousuit ak nan nenpòt ki moman, si ou vyole oswa menase pou vyole Kondisyon sa yo. Mak komèsyal, logo, mak sèvis, ak mak pwodui ki afiche sou Sit lan se mak ki anrejistre ak mak ki pa anrejistre pou Change Healthcare, asosye nou yo, konpayi ki asosye oswa ki gen rapò avèk nou, patnè nou yo, moun ki ba nou lisans, epi gen lwa sou mak komèsyal nan Etazini ak entènasyon ki bay pwoteksyon pou yo. Tout lòt mak komèsyal ki pa pou nou, asosye nou yo, oswa konpayi i gen rapò avèk nou, patnè nou yo, oswa moun ki ba nou lisans ki parèt sou Sit lan se pwopriyete moun ki pwopriyetè respektif yo, nou ka oswa nou ka pa asosye, konekte, oswa esponsorize yo.
Change Healthcare respekte dwa sou pwopriyete entèlektyèl lòt moun. Si ou panse yo te kopye, pibliye, konsève, oswa transmèt travay ou an pandan yo itilize Sit lan yon fason ki konstitiye yon vyolasyon dwa otè, tanpri bay ajan an enfòmasyon sa yo selon sa ki di nan DMCA epi ki site anba a:
El representante designado para atender reclamos de violaciones a los derechos de autor puede ser contactado:
Nou kapab jwenn ajan ki dezinye pou reklamasyon ki konsène vyolasyon dwa otè yo nan: [email protected]
Nou kapab jwenn ajan ki dezinye pou reklamasyon ki konsène vyolasyon dwa otè yo nan:
Change Healthcare
Attn: Intellectual Property Counsel
5995 Windward Parkway
Alpharetta, GA 30005
Tanpri mete kòm referans: “DMCA Copyright Takedown” nan lèt ou an
Nou eseye mete kontni ki konplè, kòrèk epi ki ajou sou Sit nou an. Malerezman, li pa posib pou nou asire nenpòt sit entènèt p ap janm gen okenn erè imen oswa teknolojik. Malgre tou efò nou fè, Sit nou an ka gen erè tipografik, erè, oswa bagay yo bliye mete, kèk nan yo ka konsène pri ak disponiblite, epi kèk nan Kontni ka pa konplè oswa ajou. Poutèt sa, nou pa garanti, ni nou pa responsab pou, presizyon, fiyabilite, entegralite, oswa itilite Kontni ki disponib sou sit nou an oswa atravè l. Epitou, nou fè tout efò pou nou afiche koulè, gwosè, ak fòm tout pwodui ki parèt sou Sit nou an fason ki pi egzak ki posib. Sepandan, nou pa kapab garanti fason nenpòt pwodui ki afiche sou òdinatè ou an pral egzak. Desen, foto, imaj, videyo ak grafik ki sou Sit nou an la sèlman nan objektif Ilistrasyon. Se pa tout pwodui ak sèvis ki disponib nan tout zòn jewografik yo. Kalifikasyon w pou pwodui ak sèvis patikilye dwe pase pa detèminasyon ak akseptasyon final nan men antite ki bay pwodui oswa sèvis yo, epi se pa yon obligasyon oswa garanti pou Change Healthcare founi pwodui oswa sèvis yo, sof si yo idantifye Change Healthcare kòm antite ki ap bay pwodui oswa sèvis sa yo. Kontni ki prezante sou Sit nou an oswa atravè l la sèlman pou bay enfòmasyon. Sit la fèt pou bay enfòmasyon jeneral sou Change Healthcare, pwodui ak solisyon li yo ak enfòmasyon ki gen rapò ak li. Sit la pa la pou bay konsèy sou kesyon envestisman oswa medikal, ni li pa bay enstriksyon sou itilizasyon ki apwopriye pou pwodui oswa solisyon Change Healthcare, asosye li yo, konpayi ki gen rapò ak li, oswa moun ki bay lisans yo, patnè komèsyal, oswa lòt konpayi, fè, founi, oswa ap devlope, Nenpòt konfyans ou fè Kontni ki disponib sou Sit nou an oswa atravè l se sèlman sou pwòp responsablite w, epi nou pa responsab pou konfyans ou fè Kontni ki sou Sit nou an. Tout itilizatè yo dakò tout aksè yo gen sou Sit lan ak fason yo itilize l, epi nenpòt ak tout Kontni ki prezan sou Sit lan, se pou pwòp risk itilizatè a. Nou rezève nou dwa pou nou korije nenpòt erè, bagay ki pa egzak oswa bagay nou bliye mete, epi pou kanpe, ajoute, modifye, mete ajou oswa ranplase tout aspè nan Sit lan nan fason nou vle epi san nou pa bayyo avi. An patikilye, nou rezève nou dwa nan fason nou vle a pou nou modifye, konplete, kanpe, oswa retire nenpòt Kontni ki parèt oswa ki transmèt atravè Sit nou an. Epitou, nou rezève nou dwa pou ajiste pri, pwodui ak nenpòt òf espesyal nenpòt kilè nan fason nou vle an.
Lè ou ap itilize Sit la ou dakò pou pa: (i) Deranje, domaje, rantre avèk, vyole sekirite Sit lan, oswa eseye jwenn aksè ki pa otorize sou Sit lan, oswa nenpòt rezo enfòmatik; (ii) Detounen nenpòt mezi teknolojik Change Healthcare, oswa nenpòt founisè swen sante oswa nenpòt twazyèm pati mete sou pye (li gen ladan l yon lòt itilizatè Sit lan) pou pwoteje Sit lan; (iii) Itilize Sit lan yon fason ki kapab dezaktive, chaje twòp, domaje, oswa degrade Sit nou an, oswa deranje fason lòt pati itilize Sit nou an, li gen ladan l kapasite pou angaje l nan aktivite ki ap fèt nan menm moman an sou Sit nou an; (iv) Telechanje, transmèt, oswa lanse nenpòt viris enfòmatik, vè, Cheval Detwa, bonm lojik, oswa kòd enfòmatik, oswa lòt materyèl ki ka nuizib oswa deranje òdinatè a, aparèy pòtab, rezo enfòmatik, rezo kominikasyon, done, Sit la oswa lòt sistèm, dispozitif oswa pwopriyete; (v) Itilize wobo lojisyèl, zarenyen, wobo endeksasyon, oswa nenpòt lòt dispozitif, pwosesis, oswa mwayen otomatik pou gen aksè ak Sit nou an pou nenpòt ki rezon, li gen ladan l siveye oswa kopye nenpòt kontni sou Sit nou an; (vi)Transmèt oswa pwovoke transfè nenpòt materyèl piblisitè oswa pwomosyonèl san nou pa bay konsantman nou alavans li gen ladan l “kourye endezirab,” “chèn lèt,” “espam”, oswa lòt demann ki menm jan; (vii) Eseye, nan nenpòt ki fason, pou jwenn modpas, kont, enfòmasyon idantifikasyon, oswa lòt enfòmasyon sekirite nan men lòt itilizatè; oswa mete an danje sekirite kont ou an oswa kont nenpòt lòt moun (pa egzanp, lè ou pèmèt yon lòt moun konekte sou Sit lan sou non w); (vii) Fè tèt ou pase oswa eseye fè tèt ou pase pou Change Healthcare, yon anplwaye Change Healthcare, yon lòt itilizatè Sit lan oswa lòt moun oswa antite (li gen ladan l, men li pa limite ak sa, itilize adrès imèl, oswa non ekran ki asosye avèk nenpòt eleman nou site anvan); (ix) Itilize Sit nou an nenpòt fason ki vyole nenpòt lwa oswa règlemantasyon federal, nan eta a, lokal, entènasyonal ki aplikab (li gen ladan l, men li pa limite ak nenpòt lwa ki konsène ekspòtasyon done oswa lojisyèl ki rantre epi ki sòti nan Etazini oswa lòt peyi); (x) Voye, resevwa ak pwòp volonte w, telechaje, itilize, itilize ankò nenpòt Kontni ki pa respekte nòm ak egzijans ki etabli nan Kondisyon sa a; (xi) pran nenpòt lòt konpòtman ki limite oswa ki anpeche yon lòt moun amize l sou Sit nou an, oswa ki dapre nou, ka nuizib pou nou oswa itilizatè Sit nou an, oswa ekspoze yo ak yon responsablite; oswa (xii) anpeche sit lan fonksyone byen nan nenpòt ki lòt fason.
Menm si nou apresye demann oswa kòmantè ou yo, Change Healthcare pa aksepte oswa pa konsidere ide li pa t mande, li gen ladan l san li pa limite l, ide pou nouvo maketin, nou pwodui, solisyon oswa teknoloji, oswa non pou nouvo pwodui. Tanpri pa voye okennide konsa nou pa t mande. Sit nou an ka gen kèk fonksyon oswa sèvis pou entèraji ki pèmèt itilizatè tankou w pibliye, ajoute, pibliye, afiche, transmèt, oswa soumèt (yo fè referans ak aktivite sa a kòm “Piblikasyon”) kòmantè, sigjesyon, fidbak, ide, kòmantè materyèl, kominikasyon, enfòmasyon, oswa lòt Kontni sou li oswa atravè Sit la (yon fason kolektif “Kontribisyon Itilizatè”). Nou ap trete nenpòt Kontribisyon Itilizatè yo tankou li pa pwopriyetè l epi li pa konfidansyèl. Lè ou Pibliye yon Kontribisyon Itilizatè, ou bay Change Healthcare ak asosye komèsyal li yo, ansanm ak chak responsab epi moun ki gen lisans yo, siksesè ak moun ki gen dwa, yon lisans aksè eksklisif, lib, ki pa gen rapò pou li bay, pèpetyèl, ki pa ka chanje, mondyal, epi ki kapab gen yon sou-lisans eksklizif pou gen aksè, kopye, modifye, adapte, refè, distribiye l ankò, pibliye, kreye travay ki soti ladan l, konpile, ranje, afiche, divilge, oswa itilize nenpòt ki lòt fason ak pa Kontribisyon Itilizatè yo, medya, oswa teknoloji, menm si nou konnen l kounye a oswa li devlope apre, poukont li oswa nan kad lòt travay, pou nenpòt ki rezon ak nenpòt ki fason, san ou pa resevwa yon konpansasyon. Change Healthcare ka bay sou-lisans nan dwa li yo atravè plizyè nivo sou-lisans. Change Healthcare pa renonse ak dwa pou li itilize ide ki menm jan nou te konnen oswa devlope anvan. Si ou Pibliye yon Kontribisyon Itilizatè, ou deklare epi ou garanti ou se pwopriyetè l oswa ou gen kontwòl dwa Kontribisyon Itilizatè a, epi ou gen dwa pou bay lisans ki anwo a ba nou, asosye komèsyal, nenpòt moun ki gen lisans, ak nenpòt siksesè epi moun ki gen dwa. Ou dakò ou p ap Pibliye nenpòt kalite Kontribisyon Itilizatè ki pa respekte oswa vyole nenpòt dwa pou nenpòt pati, oswa ki pa respekte sa ki di nan Kondisyon sa yo. Ou pa ka itilize fo enfòmasyon idantifikasyon oswa pou kontakte w, fè tèt ou pase pou yon moun oswa antite, oswa ba nou manti sou orijin nenpòt Kontribisyon Itilizatè. Ou konprann epi ou dakò ou se sèl moun ki responsab pou nenpòt Kontribisyon Itilizatè ou Pibliye, epi ou gen tout responsablite pou Kontribisyon sa a, li gen ladan l legalite, fiyabilite, si li kòrèk, ak si li apwopriye. Nou pa responsab pou kontni ki kòrèk ou menm oswa nenpòt lòt itilizatè Pibliye pou Kontribisyon Itilizatè sou Sit nou an.
Si ou itilize Sit lan, ou ka gen opòtinite pou kreye yon kont avèk nou. Nan kad pwosesis enskripsyon oswa pou kreye kont lan, ou pral kreye idantifyan koneksyon pandan ou ap chwazi yon modpas epi bay yon adrès imèl. Chak enskripsyon se pou sèlman yon sèl itilizatè. Ou pa otorize pou pataje idantifyan koneksyon pou enskripsyon an oswa bay nenpòt moun idantifyan koneksyon ou an. Ou responsab pou kenbe konfidansyalite modpas ou epi ou dakò pou tout aktivite ki parèt sou kont oswa modpas ou an. Change Healthcare pa responsab pou nenpòt pèt oswa domaj ki rive paske ou pa t kapab kenbe konfidansyalite kont ou an. Ou responsab tou pou asire w tout enfòmasyon ou bay sou Sit nou an kòrèk, ajou, ak konplè. Ou dakò ou p ap bay fo enfòmasyon oswa enfòmasyon ki pou twonpe moun pandan pwosesis enskripsyon an. Ou pa gen dwa pou transfere kont ou an bay okenn lòt moun nan okenn fason. Si ou antre epi itilize Sit lan nan non yon lòt moun, ou deklare ou gen dwa pou lye moun sa a kòm moun ki gen manda selon Kondisyon sa yo, epi ou dakò pou aksepte dega ki rive akoz move itilizasyon Sit lan ki sòti nan aksè ou bay moun sa a. Ou dwe avèti nou tousuit pou nenpòt aksè ki pa otorize, oswa itilizasyon non itilizatè oswa modpas oswa nenpòt lòt vyolasyon sekirite ou okouran. Tout enfòmasyon ou bay lè ou ap enskri pou yon kont sou Sit nou an sou kontwòl Avi Konfidansyalite nou an, ki ajoute nan dokiman sa a, epi nou ka pran nenpòt desizyon nan respè enfòmasyon ki mache ak sa ki di nan Avi Konfidansyalite nou an. Nou rezève nou dwa pou refize sèvis oswa fèmen yon kont pou nenpòt rezon, selon sa nou deside epi san nou pa bay avi alavans.
Sit sa a ka gen lyen pou sit entènèt twazyèm pati ("Sit Twazyèm Pati"). Nou bay lyen pou lòt Sit Twazyèm Pati selon sa ou deside ki bon pou ou. Nou pa gen kontwòl sou kèk Sit Twazyèm Pati, ni nou pa egzamine, apwouve, siveye, pran responsablite, oswa fè deklarasyon, oswa bay garanti nan non Sit Twazyèm Pati sa yo; poutèt sa nou pa responsab pou ou oswa nenpòt lòt pati pou nenpòt materyèl, enfòmasyon piblisite, pwodui, sèvis, oswa lòt kontni ki sou li oswa ki disponib sou li apati Sit Twazyèm Pati sa yo. Si ou deside antre sou nenpòt Sit Twazyèm Pati ou ap fè sa a ak pwòp risk ou. Ou rekonèt epi ou dakò Change Healthcare pa responsab, ni yon fason ki dirèk ni ki pa dirèk, pou nenpòt domaj oswa pèt ki rive paske ou te itilize nenpòt Sit Twazyèm Pati konsa.
Lyen pou ale sou Sit lan: Ou kapab jwen yon lyen pou paj akèy Sit nou an, www.changehealthcare.com, sèlman si ou reponn ak egzijans ki gen rapò ak Lyen pou Sit Change Healthcare. LÈ OU KONEKTE NAN LYEN KI POU SIT CHANGE HEALTHCARE LA SA VLE DI OU AKSEPTE KONDISYON SA YO EPI OU AP RESPEKTE EGZIJANS KI ANBA A. SI OU PA AKSEPTE KONDISYON SA YO EPI OU PA DAKÒ AK EGZIJANS SA YO, PA KONEKTE SOU SIT SA A.
Kondisyon ki gen rapò ak Lyen pou ale sou Sit Change Healthcare:
Ou kapab kreye yon lyen pou ale sou paj akèy Sit lan a kondisyon:
(i) Ou fè li yon fason ki jis, legal, epi ki pa deranje repitasyon nou oswa ou p ap pwofite, oswa montre Change Healthcare yon fason ki negatif.
(ii) Ou pa etabli yon lyen ki sijere nan okenn fason nenpòt fòm asosyasyon, apwobasyon, oswa sipò nan men nou san ou pa mande yon konsantman alekri pou sa espesyalman.
(iii) Ou pa itilize logo Change Healthcare oswa nenpòt nan mak komèsyal Change Healthcare ki anrejistre oswa ki pa anrejistre, san ou pa mande Change Healthcare yon konsantman alekri alavans pou sa espesyalman.
(iv) Ou pa prezante enfòmasyon ki fo, ki pou twonpe moun, oswa ki pa kòrèk konsènan Change Healthcare, oswa pwodui oswa sèvis Change Healthcare.
(v) Ou pa etabli yon lyen apati okenn sit entènèt ki pa pou ou.
(vi) Ou fè yon jan pou Sit nou an oswa nenpòt pati ki ladan l afiche, oswa parèt afiche sou nenpòt lòt sit, pa egzanp atravè yon kadraj oswa yon lyen an liy, oswa kreye yon anviwònman pou navigatè oswa ki limite alantou Sit nou an oswa Kontni nou an.
(vii) Ou fè yon lyen ak nenpòt pati nan Sit lan ki pa paj akèy lan, pa eganp yon lyen ki fon anpil..
(viii) Pa etabli yon lyen apati okenn sit entènèt ki kapab gen kontni ki kapab konsidere kòm ilegal, dezagreyab, blesan, ki kapab kreye diskisyon oswa ki pa koresponn ak tout gwoup laj.
(ix)Sinon, pran nenpòt mezi ki konsène Sit la oswa kontni ki disponib sou li oswa atravè Sit sa a ki pa respekte Kondisyon sa yo oswa ki vyole lwa ki aplikab yo.
Fonksyonalite Rezo Sosyal: Sit nou an kapab bay kèk fonksyonalite rezo sosyal ki kapab:(i)etabli lyen ant pwòp sit ou an oswa kèk sit entènèt twazyèm pati ak kèk Kontni ki sou Sit nou an; (ii)voye imèl oswa kominikasyon avèk kèk Kontni, oswa lyen pou kèk Kontni, sou Sit sa a; (iii)fè yon jan pou pati ki nan kontni ki sou Sit sa a afiche oswa parèt afiche sou pwòp sit entènèt ou oswa kèk sit entènèt twazyèm pati. Ou kapab itilize fonksyonalite rezo sosyal ki disponib sou Sit nou an nan fason nou bay li an, li gen ladan l Kontni ki afiche avèk fonksyonalite rezo sosyal yo. Fason ou itilize rezo sosyal nou yo dwe respekte nenpòt kondisyon anplis ak kondisyon nou bay konsènan fonksyonalite yo. Ou se sèl moun ki responsab pou fè respekte kondisyon jeneral pou nenpòt sit entènèt, aplikasyon oswa sèvis rezo sosyal pou nenpòt twazyèm pati kote ou ap entèraji epi ou rekonèt, nenpòt Kontni ki gen enfòmasyon ou Pibliye sou sit entènèt, aplikasyon, oswa sèvis rezo sosyal dwe respekte politik konfidansyalite twazyèm pati sa a ak lòt kondisyon jeneral yo, kote Change Healthcare pa gen kontwòl, epi kote Change Healthcare p ap gen okenn responsablite. Ou dakò pou kowopere avèk Change Healthcare pou fè kanpe tousuit nenpòt ankadremanoswa lyen ki pa otorize. Nou rezève nou dwa pou retire otorizasyon pou kreye lyen an san nou pa bay yon avi epi nou ka, selon fason nou deside l, mande w pou retire nenpòt lyen ki ale sou Sit lan. Depi nou voye yon demann konsa, ou dwe retire lyen an tousuit. Nou kapab dezaktive tout oswa nenpòt nan fonksyonalite rezo sosyal la ak nenpòt lyen nenpòt kilè san nou pa bay yon avi, nan fason nou deside l..
Ou dakò pou dedomaje defann, ak libere Change Healthcare ak tout paran li yo, asosye, oswa filyal, ajan, responsab, direktè, anplwaye, founisè enfòmasyon, moun ki bay lisans lan ak moun ki gen lisans lan (yon fason kolektif "Pati ki ap resevwa konpansasyon an") pou tout respnsablite ak pou tout frè (li gen ladan, men li pa limite ak peman ak frè avoka yo), Dedomajman Pati yo ka genyen pa rapò avèk itilizasyon Sèvis yo oswa nenpòt reklamasyon ki gen rapò avèk oswa ki se rezilta nenpòt vyolasyon ou fè pou Kondisyon sa yo. Ou dakò pou kowopere nèt nan defans Change Healthcare kont nenpòt reklamasyon ki konsa. Ou dakò Change Healthcare kapab chwazi pwòp avoka l, ou ap peye, pou defann li nan kad nenpòt reklamasyon ki gen rapò ak dedomajman ou mande. Ou dakò Change Healthcare, men se pa ou menm, ki ap gen kontwòl defans lan pou nenpòt reklamasyon ki konsa. Anplis, ou dwe dakò ou p ap regle okenn kesyon ki enplike Change Healthcare, menm si kesyon an angaje oswa li pa angaje Change Healthcare, oswa li ap fèt nan non l, san ou pa gen konsantman Change Healthcare alekri.
LÈ OU ITILIZE SIT LAN, SE SÈLMAN OU MEN KI RESPONSAB RISK YO. NAN LIMIT KI PI PLIS LWA KI APLIKAB LA PÈMÈT LI, KONTNI KI DISPONIB SOU SIT LAN OSWA ATRAVÈ L LA POU EDE W, “JAN LI YE A”, AK “JAN LI DISPONIB” AVÈK TOUT FOT AK ERÈ YO. CHANGE HEALTHCARE AK AJAN NOU YO, FOUNISÈ NOU YO AK MOUN KI BAY LISANS LAN KI REFIZE ESPESIFIKMAN NENPÒT KALITE GARANTI AK KONDISYON, MENM SI LI ESPESIFIK, ENPLISIT OSWA LEGAL, LI GEN LADAN L, SAN LI PA LIMITE AK, GARANTI PWODUI AN BON, EGZÈSIS FIZIK POU YON OBJEKTIF PATIKILYE, PRESIZYON, TIT, PRAN PLEZI YON FASON KI PEZIB, PA VYOLE DWA TWAZYÈM PATI AN, AK NENPÒT GARANTI KI SÒTI NAN NEGOSYASYON OSWA FASON YO ITILIZE KOMÈS LAN. NOU RENONSE AK TOUT GARANTI AK REPREZANTASYO KI KONSÈNE ENTEGRALITE, SEKIRITE, FIYABILTE, KALITE, PRESIZYON, RESPÈ DWA OTÈ, LEGALITE, OSWA RESPÈ DESANS SOU SIT NOU AN, LI GEN LADAN L MEN LI PA LIMITE AK NENPÒT KONTNI KI SOU SIT LAN OSWA KI AKSEKSIB ATRAVÈ L. CHANGE HEALTHCARE PA GARANTI SIT LAN AP KANPE, OSWA LI P AP GEN ERÈ, DEFO, PÈT, RETA NAN OPERASYON, KORIPSYON, SIBÈ ATAK, VIRIS, ENTÈFERANS, PIRATAJ, LOJISYÈ MALVEYAN, OSWA FAY NAN SEKIRITE A, EPI CHANGE HEALTHCARE RENONSE AK NENPÒT RESPONSABLITE POU REZON SA YO. CHANGE HEALTHCARE PA FÈ OKENN REPREZANTASYON OSWA GARANTI KI KONSÈNE SIJESYON OSWA REKÈMANDASYON POU PWODUI OSWA SÈVIS NOU OFRI, AFICHE, OSWA ACHTE ATRAVÈ SIT LAN. PA GEN OKENN KONSÈY OSWA ENFÒMASYON MENM SI LI NAN BOUCH OSWA ALEKRI, OU JWENN ATRAVÈ SIT SA A P AP KREYE OKENN GARANTI ESPESIFIK KI SITE NAN KONDISYON SA YO. CHANGE HEALTHCARE PA GARANTI, PA APWOUVE, OSWA PA REKONÈT RESPONSABLITE POU YON PWODUI YON TWAZYÈM PATI ANONSE OSWA FOUNI ATRAVÈ OSWA NAN KONEKSYON AVÈK SIT, OSWA NENPÒT SIT ENTÈNÈT OSWA SÈVIS KI GEN IPÈLYEN. NAN LIMIT MAKSIMÒM LWA KI APLIKAB LA PÈMÈT LI, NAN OKENN FASON CHANGE HEALTHCARE, asosye nou yo, direktè, responsab, anplwaye, ajan, kontraktè, moun ki bay lisans lan, founisè, siksesè ak moun ki gen dwa yo, ap gen responsablite pou nenpòt domaj dirèk, endirèk, konsekitif, EGZANPLÈ, espesyal, ki rive nan aksidan, pinitif, oswa lòt domaj ou menm oswa lòt moun ka soufri, li gen ladan l san li pa limite ak okenn domaj pèsonèl ki kite yon blesi, doulè, soufrans ak detrès emosyonèl, PÈT REVNI, pèt pwofi, PÈT BIZNIS OSWA EKONOMI ANTISIPE, PÈT FON KOMÈS, biznis ki kanpe, SÈVIS KI KANPE, DONE OSWA KONTNI KI PÈDI, ÒDINATÈ KI KRAZE, KOU POU SÈVIS RANPLASMAN, OU PA KAPAB ITILIZE SIT LAN, PÈT KONFIDANSYALITE, OSWA NENPÒT RESPONSABLITE OSWA PÈT SIT LA LAKÒZ, NENPÒT LYEN POU SIT ENTÈNÈT LAN, TOUT KONTNI KI POU SIT ENTÈNÈT NOU AN OSWA LÒT SIT ENTÈNÈT, NENPÒT pwodui oswa SÈVIS nou gen aksè, wè, OSWA NOU JWENN ATRAVÈ SIT NOU AN OSWA LÒT SIT, NENPÒT VYOLASYON KONDISYON SA YO, NENPÒT AKSYON OSWA OUBLI NOU MENM OSWA PÈSONÈL NOU FÈ, MENM SI GEN POSIBLITE OSWA PA GENYEN POU DOMAJ SA YO TA DIVILGE ALAVANS OSWA LI TE PREVWA YON FASON KI REZONAB, KÈLKESWA TEYORI LEGAL OSWA EKITAB (GARANTI, KONTRA, DELI, OSWA LÒT BAGAY), KOTE REKLAMASYON AN BAZE, NONOSBTAN ECHÈK NENPÒT REKOU NOU TE DAKÈ OSWA LÒT REKOU POU OBJEKTIF SA A ESANSYÈL. NAN LIMIT RESPONSABLITE NOU AN PA T EKSKLI OSWA LIMITE DAPRE KONDISYON SA YO, RESPONSABLITE GLOBAL NOU KI SOTI NAN KONDISYON SA YO, MENM SI LI SÒTI OSWA LI GEN RAPÒ AK YON KONTRA KI KANPE, YON DELI (LI GEN LADAN NEGLIJANS) OSWA YON LÒT FASON, LI P AP DEPASE TOTAL POU NENPÒT MONTAN ou peye tout bon pou kòmand KI KONSÈNE A. ESKLIZYON AK LIMITASYON DOMAJ KI DEKRI ANWO A SE ELEMAN FONDAMANTAL POU BAZ ANTANT KI GENYEN ANT OU MENM AK CHANGE HEALTHCARE.
Ou dakò pou nenpòt kòz aksyon oswa reklamasyon ou ka genyen ki gen rapò ak Sit sa a dwe fèt oswa prezante nan delè yon lane apati dat kote kòz pou aksyon oswa reklamasyon an te kòmanse. Ou dakò espesifikman Kondisyon ak nenpòt diskisyon, reklamasyon, kòz pou aksyon, pwoblèm, oswa demann pou reparasyon ant ou menm ak Change Healthcare ki sòti nan Kondisyon sa yo oswa ki gen rapò avèk yo, pa rapò ak vizitsou Sit nou an, oswa pa rapò ak pwodui oswa sèvis ou te jwenn sou Sit Entènèt nou an oswa atravè l (yon fason ki kolektif “Diskisyon”) ap dirije epi entèprete selon lwa ki nan Eta Tennessee, Etazini, san li pa bay efè ak nenpòt konfli sou prensip lalwa ki kapab prevwa aplikasyon lalwa yon lòt jiridiksyon. Ou menm ak nou dakò san pa kapab gen chanjman jiridiksyon eksklizif ak konpetans tribinal federal nan Nashville, Tennessee pou tout Diskisyon ki dwe pase devan tribinal, li gen ladan l nenpòt diskisyon ki enplike Change Healthcare oswa sosyete afilye, filyal, anplwae, kontraktè, responsab, direktè, founisè telekominikasyon ak founisè kontni.
Kondisyon sa yo ap rete anvigè tout tan ou kontinye gen aksè akSit la oswa itilize l. Nou kapab, avèk oswa san nou pa bay yon avi alavans, kanpe nenpòt dwa nou bay nan Kondisyon yo, san nou pa bayrezon an. Ou dwe respekte tousuit nenpòt dezisyon ki pran pou kanpe yon dwa oswa lòt avi, li gen ladan l, pandan ou ap sispann itilize sit la nèt.
Akò Konplè: Kondisyon sa yo, ansanm ak Avi Konfidansyalite ak Kondisyon Jeneral ki aplikab, konstitiye akò konplè ak eksklizif ant ou menm ak Change Healthcare nan sa ki konsène fason ou ap itilize Sit lan, epi Kondisyon sa yo anile ak ranplase nenpòt ak tou akò oral oswa ekri ki te genyen anvan sa ant Change Healthcare avèk nou epi ki konsène Sit la.
Pa Gen Ajans: Pa gen anyen ki di nan Kondisyon sa yo ki kreye yon ajans, patenarya, oswa lòt fòm antrepriz komen ant ou menm ak Change Healthcare.
Renonsyasyon: Lè Change Healthcare pa fè respekte nenpòt dwa oswa dispozisyon ki nan Kondisyon sa yo, sa pa vle di li renonse ak dwa oswa dispozisyon an, oswa nenpòt lòt dwa oswa dispozisyon ki nan Kondisyon sa yo.
Separabilite: Si yon tribinal ta deklare youn(1) oswa plizyè dwa oswa dispozisyon ki dekri nan Kondisyon sa yo pa valid, ou dakò rès Kondisyon yo rete anvigè epi dispozisyon ki pa valid la rete aplikab nan tout limit lalwa pèmèt li. Nou ap modifye oswa ranplase dispozisyon sa yo avèk sa ki valid epi ki aplikab, nan limit li posib, epi ki atenn objektif ak entansyon nou te gen anvan an.
Si ou gen nenpòt kesyon konsènan Kondisyon sa yo, tanpri kontakte nou sou imèl nan [email protected].